Share
Preview
Tèks ki anvan antèt la: Nan Bilten sa a: BMC ouvè yon nouvo Sant Sante Konpòtmantal nan Brockton (Brockton Behavioral Health Center), Septanm se Mwa Sansibilizasyon pou Anemi Falsifòm, Rann Omaj ak Mwa National Pou Retablisman an, Vwa BMC, ak anpil evènman kominotè.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
BMC Ou - Swen, Koneksyon, Kominote
 
 
Septanm 2022
 
Bilten #5
 
Boston Medical Center Logo
Bonjou ak Byenvini nan BMC ou an.
Ou se yon manm enpòtan nan kominote nou an, epi nou la pou ede ou vin genyen bonjan lasante. Antanke manm nan demach gerizon ou an, bilten sa a genyen enfòmasyon enpòtan sou sèvis ak pwogram yo, konsèy pou yon lavi miyò, istwa ki rakonte sou BMC, ak plis ankò.
Photo of Angelina in a hospital chair with two care advocates and her mother, as well as two of the Healing Pups.
BMC Voices: Angelina
Lè Angelina te bezwen swen lopital ki nan lokalite li a pa t kapab ba li, li te ale nan BMC pou l jwenn swen espesyalize ak sipò. "Mwen te konnen si mwen te mennen Angelina nan BMC yo t ap kapab ede l," se sa manman Angelina te di, lè l reflechi ak dènye swen pitit fi li a te jwenn isit la. "Yo konnen sa y ap fè - nou santi nou vrèman beni. Mwen te vle remèsye tout ekip li a pou bonjan kalite swen yo te ba li.”

Anplis swen klinik eksepsyonèl Angelina te jwenn, defansè pasyan nou yo te sipòte l tou, tankou Lala Guzman.

Sheryl di: “Lala te fè tout sa l te kapab pou l ede Angelina. "Li vin vizite li, li te pentire avè l, e menm te pwograme vizit ak yon chen ki la pou ede — li te bay anpil sipò."
Photo of woman with blond hair and purple shirt that says "End Overdose" planting purple flags into the grass
September is National Recovery Month
Mwa Nasyonal Retablisman an se yon moman pou nonsèlman sonje lavi ki pèdi nan twoub itilizasyon sibstans yo (substance use disorders, SUD), men pou ankouraje ak sipòte moun ki nan nesesite pou jwenn sèvis pou chèche èd, konfime tretman an fonksyone, epi selebre moun k ap retabli yo.
Nan BMC, nou konprann ijans ki nesesè pou kontinye nan jwenn solisyon epi elaji aksè ak tretman pou moun ki gen SUD yo.
Nou pran angajman tou pou regilarize tretman an epi pou elimine diskriminasyon anrapò ak twoub sa yo. Sant Grayken pou moun ki Dejwe yo bay plis pase yon douzèn tretman ak pwogram sipò pou pasyan ki gen tout orijin yo.
Devin and Jason MCCourty with their Aunt Winnie
Photo courtesy of the McCourty Family
September is Sickle Cell Awareness Month
Maladi Anemi Falsifòm (Sickle cell disease, SCD), yon maladi sangen ki pwovoke kriz ki bay anpil doulè ak domaj òganik, se yon bagay ki popilè anpil. Malerezman, li koute vrèman chè pou l trete. Yo te enspire pa Matant Winnie, ki te mouri akòz konplikasyon SCD yo, jwè NFL yo, Devin ak Jason McCourty te bay tèt yo misyon pou patisipe nan jwenn yon tretman ki efikas epi ki abòdab anrapò ak SCD.

Yo te dedye efò yo nan Sant Ekselans BMC a (BMC's Center of Excellence) nan Maladi Anemi Falsifòm, pi gwo sant nan kategori sa a nan New England.

Ekip plizyè disiplin nan Sant lan pran angajman pou bay pasyan yo swen totalman pèsonalize ki pèmèt yo mennen yon vi ki plis nòmal posib.
Photo of Governor Baker, BMC President & CEO Kate Walsh, and others cutting a green ribbon in front of the new Brockton Behavioral Health Center
BMC in the News
BMC fyè pou l ouvri Sant Sante Konpòtmantal Brockton nan, yon etablisman trè modèn ki fèt pou trete twoub mantal ak twoub itilizasyon sibstans ki egziste an menm tan epi ki kontribye nan rezoud yon bezwen fondamantal nan domèn swen sante konpòtmantal. Ekip espesyalis ki nan Sant lan, ki pral kòmanse akeyi pasyan yo nan mwa Oktòb, pral bay yon pakèt swen tout kalite pou pasyan yo ki pral pase nan pwochen etap yo nan direksyon yon retablisman alontèm.
Bilding nan limenm pa pral degaje ditou gaz k ap sal anviwònman an depi premye jou a, epi li pral fonksyone grasa enèji renouvlab epi dirab, yon lòt fason pou pran swen kominote nou an. Mèsi Gouvènè Baker, Otorite nan Brockton yo, vwazen yo, ak anpil nan kòlèg nou yo ki te patisipe nan selebre ouvèti Sant lan!
 
OCT 3
Mwa Eritaj Ispanik nan Ansèyman Kwizin an

Manje bon gou Ispanik yo ka senp, abòdab, epi yo ka fè pati yon modèl manje ki an sante, ekilibre!

Ki lè: Lendi 3 Oktòb, 12:30 - 1:30 p.m.

Ki kote: Sou Entènèt pa mwayen Zoom - Enskri isit la
OCT 6
Seri sou Abitid ki Pwòp nan Ansèyman Kwizin an

Nou ofri yon dyetetisyen anseye klas sa a pou nenpòt moun ki vle aprann plis sou nitrisyon.

Ki lè: Jedi 6 Oktòb, 10:30 - 11:30 a.m.

Ki kote: Sou Entènèt pa mwayen ZoomEnskri isit la

OCT 25
Depistaj sou Teren

Kontakte nou pou yon aktivite edikatif sou depistaj kansè nan tete GRATIS.

Ki lè:  Madi 25 Oktòb, 1-3 p.m.

Ki kote: Teren Moakley (gazon devan Bilding Moakley), 818 Harrison Avenue, Boston, MA

Enskri isit la
Red and white circular icon with a folder that has a red heart
Pa bliye! Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart.
Kreye kont ou oswa konekte jodya.
 
Instagram
 
Facebook
 
Twitter
 
Linkedin
 
Tiktok
 
Website
 
Email
Imèl sa a pa la pou li ranplase yon konsèy oswa yon tretman medikal.
Si ou gen yon ijans medikal, tanpri rele 911 tousuit.
Si ou gen yon bezwen medikal ki pa ijan, tanpri rele doktè ou an.



Email Marketing by ActiveCampaign