Share
Nimewo sa a nan Your BMC gen ladann yon istwa donè ren eksepsyonèl, enfòmasyon sou monkeypox ak fèmen Orange Line, nouvèl sou inisyativ vèt BMC ak responsablite sosyal, ak plizyè evènman gratis.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

BMC ou - Swen | Koneksyon | Kominote

Out 2022

Piblikasyon #4

Boston Medical Center Logo
Welcome to Your BMC

Bonjou ak Byenvini nan BMC ou an.


"BMC o an," bilten elektwonik nou an, pral pataje enfòmasyon sou swen ak relasyon ki genyen  chak jou nan kominote Boston Medical Center.

Ou se yon manm enpòtan nan kominote nou an, epi nou la pou ede ou vin genyen bonjan lasante. Antanke manm nan demach gerizon ou an, bilten sa a genyen enfòmasyon enpòtan sou sèvis ak pwogram yo, konsèy pou yon lavi miyò, istwa ki rakonte sou BMC, ak plis ankò.

Quote from Andy Vo, Kidney Transplant donor
BMC-Voices

Lè Andy Vo te aprann mennaj li ki gen 14 lane te bezwen yon ren, li te konnen tousuit kisa li gen pou fè. Li di: “Li te bezwen yon ren epi mwen m gen youn (1) anplis.” “Mwen pa t menm vrèman reflechi sou li anvan m te ofri l pa m nan.”

Apre anpil tès ak vizit avèk ekip transplantasyon an, li te aprann li te yon donè konpatib pou li. Menm si li te konn kèk bagay sou don ògàn, Andy di doktè nan ekip transplantasyon BMC a te eksplike l tout sa li te bezwen konnen sou don an ak kisa li kapab atann apresa. Sa a te vin ba li plis konfyans pou li avanse.

Li Rès Istwa Andy la
Do you have questions about monkeypox?

Sa pa gen twò lontan, ou ka wè nan gwo tit jounal yo yon epidemi varyòl senj atravè Etazini ak lòt peyi ki jeneralman pa konn gen ka varyòl senj. Menm si kantite ka nan Massachusetts toujou ba, nou konnen ou ka gen kesyon konsènan maladi sa a. 

Ale sou BMC.org pou jwenn plis enfòmasyon sou varyòl senj, kòman li pwolonje, kiyès ki gen plis risk, ak kòman yo dyagnostike l epi trete l. Si ou kalifye pou vaksen senj lan, ou kapab planifye premye dòz ou a. 

Aprann plis sou varyòl senj
Photo of gloved hand using a syringe to extract monkeypox vaccine from a vial.
Photo or orange line trains in motion, pulling into an MBTA station
MBTA Orange Line Closures

Tout estasyon ki nan Liy Oranj lan ap fèmen pandan 30 jou jiska dimanch 18 septanm. Pou jwenn plis enfòmasyon, li gen ladan l lòt opsyon transpò, ki disponib ale sou www.mbta.com

Nou ap mande w pou ou kontniye vini alè nan tout randevou ki te planifye yo. Tanpri, prevwa tan anplis pou ou ale nan BMC pou tout kalite deplasman. Klinik yo ap kontinye fè tout efò l pou li satisfè pasyan ki afekte ak chanjman nan MBTA a, epi li ap ede yo planifye randevou a ankò si li nesesè.

Jwenn direksyon BMC isit la
BMC Goes Green at the White House

Kate Walsh, PDG, ak Bob Biggio, Vis Prezidan Etablisman ak Sèvis Sipò yo, jwenn yon envitasyon nan Mezon Blanch lan sa pa gen twò lontan pou pale sou chanjman klimatik ak rediksyon kabòn nan endistri swen sante a.

BMC angaje l pou diminye anprent kabòn li, paske nou konnen lopital ki san danje vle di kominote ki gen bon jan lasante. BMC vin fè pati 650 lopital atravè peyi a ki vin jwenn inisyativ Administrasyon Biden epi ki angaje pou diminye a 50 pousan emisyon gaz ki gen efèdesè anvan 2030. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou angajman nan Finans nan Swen Sante (Healthcare Finance).

Li sou efò dirabilite nou yo
Photo of a group of people sitting at a long table in the White House. Television screens in the background show the White House logo.
Photo of the exterior of a Boston Medical Center Building with trees in front and blue sky behind.
BMC in the News

Lown Institute te nome BMC kòm katriyèm lopital nan Etazini ki pi responsab sosyalman epi ki pi responsab sosyalman nan Massachusetts. Onè sa a se yon rekonesans pou misyon nou an ak travay nou ap fè pou bay swen ki aksesib ak eksepsyonèl pou ede tout pasyan yo, ak pwogram, sèvis, ak sipò pou ede yo rete an sante.

Endis Lown Institute hospitals la mezire responsabilite sosyal pou plis pase 3,600 lopital nan tout peyi a. BMC se te youn (1) nan 66 lopital ki resevwa nòt A nan rezilta, valè, ak swen sanpatipri.

Li plis sou Boston Business Journal
Free
Events at BMC

Mache Fèmye BMC

Nou rekòlte pwodui fre yo nan jaden ki sou do kay la nan jou a menm yo sibvansyone ak yon pri abòdab.

Kilè: Chak madi nan mwa Septanm nan, 1-3 p.m.

Ki kote: Shapiro Cafeteria, 725 Albany Street, 2yèm Etaj, Boston, MA 02118

Jounen Pòt Louvri Pou Mwa Retablisman an

Jwenn plis enfòmasyon sou plizyè pwogram Grayken Center for Addiction ap ofri pandan ou ap amize w avèk mizik, jwèt sou gazon, tonbola, ak plis ankò! Nou ap pwopoze yon fòmasyon sou Naloxone pou tout pasyan ak anplwaye ki enterese yo.

Kilè: Jedi 8 Septanm, 12-3 p.m.

Ki kote: The Moakley Green
(Gazon ki devan Bilding Moakley)
818 Harrison Avenue, Boston, MA 02118

Depistaj nan mwa Septanm nan sou Gazon an

Vizit anyèl kay doktè ou an sa kapab ede ou rete an sante epi evite gen kansè. BMC vle ede ou pran prekosyon pou evite gen kansè - oswa trape li bonè. Patisipe nan yon evènman sou kansè torasik/pilmonè gratis ak wofesyonèl swen sante BMC yo.

Kilè: Madi 20 Septanm, 1-3 p.m.

Ki kote:The Moakley Green
(Gazon ki devan Bilding Moakley)
818 Harrison Avenue, Boston, MA 02118

Vizit Yon Jaden Sou Do Kay la

Dekouvri pwen rankont ki genyen ant manje ak sante epi ou pral jwenn plis enfòmasyon sou fason jaden an fèt, sou agrikilti iben ak do kay ekolojik, apikilti, ak fason BMC itilize jaden an nan plizyè fason pou amelyore sante kominote nou an.

Kilè: Mèkredi 28 Septanm, 6-7 p.m.

Ki kote: BMC's Rooftop Farm, 
750 Albany Street, Boston, MA 02118

Aprann plis sou evènman sa yo ak lòt
Icon logo for My Chart - features a red folder with a white heart

Pa bliye! Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya.



Email Marketing by ActiveCampaign