|
Oktòb se Mwa Sansibilizasyon pou Kansè Tete – Fè tès depistaj pou deteksyon bonè |
|
|
Gwoup Travay Ameriken anrapò ak Sèvis Prevansyon (U.S. Preventive Services Task Force, USPSTF, yon gwoup ekspè ki fè rekòmandasyon sou sèvis prevansyon, rekòmande kounye a pou tout fanm fè tès depistaj pou kansè nan tete chak ane, apati laj 40 an. Nan BMC, nou ale pi lwen epi nou rekòmande pasyan yo pou yo fè yon tès depistaj kansè tete chak ane, apati laj 40 an. Sant Mamografi nou an ofri mamografi tradisyonèl ak mamografi dijital modèn ki pran tout kò tete a pou asire yon pi bon tès depistaj posib.
|
“Fanm nwa yo vin gen kansè nan tete nan yon laj pi bonè epi yo jwenn pi move rezilta pase fanm blan yo." Tabitha Cherilus, Direktris nan Cancer Equity deklare: "Nou te plede pou gen yon tès depistaj anyèl yon fason pou bay tout pasyan posiblite pou yo fè tès depistaj epi patisipe nan amelyorasyon rezilta sa yo."
|
Aprann plis epi pwograme yon tès depistaj kansè nan tete jodi a → |
|
|
|
|
Kowodinatè Pasyan yo ka ede moun k ap viv ak kansè yo oryante yo
anrapò ak swen yo bezwen
|
|
|
|
FG Trade, Getty Images
|
|
Nan Sant Kansè BMC, a, kowodinatè pasyan yo disponib pou ede pasyan yo dyagnostike yon kansè epi pou yo konprann dyagnostik yo fè a ak posiblite anrapò ak tretman yo, epi pou planifye vizit swivi yo epi travay ak konpayi asirans sante pasyan an — tout bagay sa yo ka soulaje yo ansanm ak fanmi yo anba kèk demach administratif ansanm ak estrès, epi sa ka fè yo debouche sou pi bon rezilta anrapò ak sante.
|
|
|
“Kowodinatè yo asire yo pasyan yo konprann plan tretman yo a, yo idantifye bagay ki anpeche yo patisipe nan plan
tretman sa a, epi konekte yo ak resous yo — kit se sipò pou lojman, sipò pou travay oswa pou andikap, sipò pou revni, oswa ensekirite alimantè ansanm ak èd pou gen aksè ak manje ki bon pou lasante. Transpò se yon bagay ki vrèman enpòtan,” se sa Doktè Tracy Battaglia, direktris asosye nan Belkin Breast Health Center te deklare.
|
Aprann plis sou kowodinatè pasyan nou yo → |
|
|
|
|
4 Konsèy pou Tete yo rete an
Sante
|
Deteksyon bonè ka fè tout diferans lan nan yon dyagnostik ak tretman kansè nan tete. Ekip ekspè nan BMC a vle ou konnen kat konsèy kle pou ou konnen eta sante tete ou yo epi idantifye byen bonè risk ki genyen pou ou gen kansè nan tete.
|
|
|
Konnen risk ou yo
Aprann sou istwa medikal fanmi ou epi si gen yon moun ki te dyagnostike ak kansè nan tete nan tan pase. Konnen risk ou yo se premye etap pou ou konprann ki posiblite pou prevansyon ak deteksyon bonè ki disponib pou ou. Aprann plis sou faktè risk pou kansè nan tete.
|
|
|
Konsilte Founisè Ou yo
Founisè swen prensipal ou a ka ede w konprann risk pèsonèl ou genyen anrapò ak kansè nan tete, kèlkeswa istwa familyal ou. Posiblite pou prevansyon ak deteksyon bonè yo ka pèsonalize selon risk ou yo epi yo ka gen ladan abitid pou mennen yon lavi ki an sante tankou kenbe yon pwa ki bon pou lasante. Aprann kisa ou kapab fè pou diminye risk pou kansè nan tete..
|
|
|
Konnen eta nòmal ou
Egzamine tete ou yo poukont ou yon fwa chak mwa pou detekte si gen boul oswa lòt chanjman. Si w remake yon chanjman nan tete w, ou santi yon boul, doulè oswa ou wè yo anfle, oswa ou santi nenpòt nan lòt sentòm sa yo, kontakte founisè swen prensipal ou a. Lè w egzamine pwòp tèt ou regilyèman, sa ede w konnen sa ki nòmal pou ou, kidonk ou ka plis konnen si yon bagay chanje.
|
|
|
Ran randevou pou mamografi ou a
Yo rekòmande tès depistaj chak ane pou fanm ki gen plis pase 40 an. Mamografi yo se tès depistaj ki enpòtan pou ou idantifye risk ki genyen yo epi atake yo bonè. Deteksyon bonè se pi bon fason pou anpeche maladi grav.
|
|
|
|
|
|
|
Vwa BMC: Yon esè klinik ki chanje lavi pou yon fanm ki gen maladi
Anemi Falsifòm
|
|
|
Pou onore Mwa Sansibilizasyon pou Anemi Falsifòm nan, n ap pataje istwa Cloret Carl la. Cloret te pase plizyè dizèn ane ap eseye jere sentòm maladi anemi falsifòm yo (sickle cell
disease, SCD) ki boulvèse lavi li. Sentòm tankou nemoni, kriz doulè nan tout kò a, ak ensifizans kadyak konjestif fè l t ap plede pwomennen lopital lè l te timoun ak yon jèn adilt. Se te nan kòmansman ane 90 yo lè Cloret te rankontre yon esè klinik nan BMC. Pitit fi li a te rele pou asire ke li te kalifye, epi li te enskri nan jijman an. "Bagay yo te kapab sèlman vin pi bon, e petèt yon lòt moun ka menm benefisye," li te di. Kounye a SCD li a byen kontwole, Cloret rete yon pasyan BMC, k ap resevwa swen nan sa ki pou nou an kounye a Sant Ekselans nan Maladi Anemi Falsifòm.
|
Li rès istwa pasyonan Cloret la → |
|
|
|
Anons
|
|
Sant Grayken pou moun ki dejwe nan BMC a ak Depatman Sante Piblik nan Massachusetts kowopere pou elaji Liy Asistans Telefonik pou Prevansyon Ovèdoz nan Massachusetts.
|
Liy Asistans telefonik pou Prevansyon Ovèdoz nan Massachusetts Disponib 24 èdtan chak jou, sèt jou pa semèn. Anplwaye sèvis asistans telefonik yo rete sou liy nan ak moun k ap rele yo ki itilize dwòg epi ki ka fè yon ovèdoz. Yo ofri sèvis konpasyon, san patipri, epitou yo ka ede moun jwenn pwogram pou diminye risk ki pi pre yo. Kolaborasyon ant BMC ak Grayken Center pou Moun ki Dejwe ak Depatman Sante Piblik MA se premye inisyativ nasyonal yon
ministè sante piblik nan peyi a fè pou finanse ak sipòte yon sèvis asistans telefonik pou fè prevansyon kont ovèdoz. Chanjman an pral pèmèt sèvis asistans telefonik la ogmante kapasite li grasa anplwaye ki touche yo ansanm ak volontè yo, epi bay volontè yo bonjan fòmasyon, pandan y ap kenbe yon peryòd datant ki kout.
|
"Kowoperasyon sa a make yon nouvo jou nan misyon nou pou lite kont ovèdoz ki fatal nan Massachusetts," se deklarasyon sa a, Stephen Murray, MPH, NRP, Direktè Sèvis Asistans Telefonik pou Prevansyon kont Ovèdoz nan Massachusetts ak Manadjè Pwogram Rediksyon Risk yo nan Inite Rechèch ak Edikasyon pou Moun ki Dejwe nan klinik Boston Medical Center, te fè.
|
Si oumenm oswa yon moun ou konnen gen risk pou yo fè yon surdozaj, liy asistans pou prevansyon surdozaj disponib pou ede w nan1-800-972-0590.
|
Aprann plis sou inisyativ enpòtan sa a → |
|
|
Rekonpans
|
|
Pi bon Lopital Entelijan nan monn nan selon Newsweek
Nou fyè paske Newsweek te nome nou youn nan pi bon Lopital Entelijan nan monn nan pou 2024. Lis sa a rekonpanse 330 lopital ki nan 28 peyi ki fè remake yo pou itilizasyon teknoloji entelijan yo tankou itilite elektwonik, telemedsin, imaj dijital, entèlijans atifisyèl, ak wobotik. Nou fyè pou yo rekonèt nou pou angajman nou pran pou entegre teknoloji modèn ki pèmèt pasyan nou yo pwogrese.
|
Li plis sou pwogram sa a la a → |
100 Lopital ak Sistèm Sante ki gen yon gwo pwogram pou kansè selon Becker's
Nou gen onè pou nou anonse Sant Kansè BMC a te rekonèt kòm youn nan "100 lopital ak sistèm sante ki gen gwo pwogram pou kansè selon Becker's. Sant Kansè BMC a gen yon ekip ematològ, onkològ, syantifik nan onkoloji, radyo onkològ, ak chirijyen ki gen gwo renome entènasyonal nan tout domèn nan chak zòn maladi, epi li kontinye fè bonjan pwogrè nan travay pou bay aksè ak tretman terapi jèn ak selilè pou tout moun ki bezwen yo.
|
Gade lis konplè a → |
153 Enfimyè an Chèf nan Lopital ak nan Sistèm Sante a ou dwe konnen
Selon Becker's, felisitasyon pou Nancy Gaden, DNP, RN. vis prezidan prensipal (chief nursing officer, CNO) ak responsab an chèf swen enfimye nan BMC, paske yo te nome li youn nan 153 CNO yo Konnen yo! CNO yo responsab pou sipèvize depatman swen enfimye yo, pran inisyativ, epi kenbe rezilta eksepsyonèl anrapò ak swen pasyan yo jwenn. Lidè sa yo pote yon melanj inik nan eksperyans klinik ak lidèchip yo genyen nan wòl yo a.
|
Gade lis konplè a → |
|
|
|
Evènman k ap vini yo
|
|
Mache Fèmye BMC
Kilè: Chak Madi jiska 31 Oktòb, sòti 12 pm rive 1 pm
Ki kote: Shapiro lobby at 725 Albany Street
|
Mike's 5K to Crush Substance Abuse
Kilè: Samdi 14 Oktòb a 10 a.m.
Ki kote: Collicot School, 80 Edge Hill Rd, Milton, MA 02186
Enskri pou w rantre nan Ekip BMC
|
|
|
|
|
Lè m te vin konnen m te gen kansè nan tete, m te pè e m te choke. Moun k ap pran swen m yo te eksplike m tout bagay, epi yo te fè m santi m alèz, yo te fè m
konprann tout bagay t ap anfòm. Yo se ekip mwen an, e sa p ap janm chanje. Yo te trete m ak respè, yo te pran swen m epi mwen pa t janm santi m poukont mwen pandan pakou m t ap swiv pou m geri yo.
|
|
|
Lè m te vin konnen m te gen kansè nan tete, m te pè e m te choke. Moun k ap pran swen m yo te eksplike m tout bagay, epi yo te
fè m santi m alèz, yo te fè m konprann tout bagay t ap anfòm. Yo se ekip mwen an, e sa p ap janm chanje. Yo te trete m ak respè, yo te pran swen m epi mwen pa t janm santi m poukont mwen pandan pakou m t ap swiv pou m geri yo.
|
|
|
"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou
sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak enfòmasyon ki rasanble nan kad sondaj sa yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.
|
|
|
|
|
|
Rejwenn nou pou redefini swen sante nan Boston ak nan lòt kote. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou ou fè pati ekip ki chanpyon nan domèn Swen ak Radyoloji nou genyen an.
|
Gade pòs ki disponib yo la a.
|
|
|
|
|