Share
Nimewo Your BMC sa a genyen ladan li yon lòt istwa ki remakab yon anplwaye rakonte ki se yon pasyan BMC tou, twa (3) evènman kominotè gratis, angajman nou an favè sèvis swen sante repwodiktif, sètifikasyon pou Sant MS nou an, ak yon rezime prim 2022 Be Exceptional Awards.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

BMC Ou - Swen | Koneksyon | Kominote

jiyè 2022

Piblikasyon #3

Boston Medical Center Logo
Welcome to Your BMC

Bonjou ak Byenvini nan BMC ou an.


"BMC o an," bilten elektwonik nou an, pral pataje enfòmasyon sou swen ak relasyon ki genyen  chak jou nan kominote Boston Medical Center.

Ou se yon manm enpòtan nan kominote nou an, epi nou la pou ede ou vin genyen bonjan lasante. Antanke manm nan demach gerizon ou an, bilten sa a genyen enfòmasyon enpòtan sou sèvis ak pwogram yo, konsèy pou yon lavi miyò, istwa ki rakonte sou BMC, ak plis ankò.

Close up photo of BMC employee, Javier. He is smiling and wearing a green jacket with a blue and grey knit hat.
BMC Voices

Rankontre Javier, yon anplwaye ki nan sèvis depatman rechèch ki nan Depatman Maladi Pedyatri Kontajye BMC a. Lè aktivite seksyèl Javier te ogmante, li te vle fè yon tès VIH men li te pè pou yo pa rejte li jis paske li fè tès la. Li te Fè kkinik BMC STD lan konfyans pou trete li ak respè epi kenbe dosye medikal li an sekirite epi konfidansyèl.

“Premye tès sa yo se te bagay ki te bay plis estrès. Men sa te menm gen plis estrès toujou pou mwen ap panse mwen te kapab gen fè VIH epi mwen pa konnen,” Javier eksplike. Javier te deside  pataje istwa li pou ankouraje lòt moun fè tès la.

Li rès istwa Javier rakonte an la
Photo of hands stacked in comfort and support. One person is blurred in the background wearing scrubs

Fuse/Getty Images

Tout kalite swen sante repwodiktif, tankou avòtman ak fè planin/ kontwòle lè pou fè pitit, legal epi disponib nan Massachusetts. BMC la pou tout bezwen konsènan swen sante ou, epi nou vle ou konnen nou rete fidèl pou bay swen sante ki gen rapò ak repwodiksyon bay tout moun ki gen bezwen. 

Si ou gen kesyon oswa ou vle konnen plis, ou kapab rele depatman obstetrik/jinekoloji nou an nan 617-414-2000, voye mesaj ki pa ijan bay doktè ou an atravè MyChart, oswa vizite OB/GYN website nou an.

Li angajman nou pran
Photo of MS Center team with certificate from MS Society

Nan dat 14 jen, Patnè National Multiple Sclerosis Society (Sosyete Nasyonal Esklewoz ak Plak) ki nan Pwogram Swen MS yo te rekonèt Sant Esklewoz ak Plak BMC lan antanke yon Sant Swen Konplè MS. Rekonesans ofisyèl sètifika sa a fòmèl pou onore òganizasyon ki ofri bonjan kalite swen, kowòdone, epi gen swen plizyè disiplin pou MS.

“Se yon onè pou nou resevwa rekonpans sa a nan men Sosyete Nasyonal MS la,” Doktè Konstantin Balashov, Direktè Sant MS ki nan BMC lan te deklare.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou Sant MS nou an klike la
Photo of Kate Walsh, CEO and president, presenting a Be Exceptional Award to Gusley Joseph, who is accompanied by his young daughter.

Chak ane nou rann omaj ak anplwaye ki pi pèfòman nan BMC yo gras ak Pri Be Exceptional nou yo, ki rekonpanse pèfòmans ak swen pasyan ki pi wo pase mwayèn nan. Se yon fyète pou nou paske nou gen anplwaye eksepsyonèl sa yo k ap travay isit la nan BMC nan tout sèvis lopital la, soti nan sèvis menaje rive nan depatman ijans nou an Pwogram Healing Pups, ak tout antite ki nan mitan yo. 

Mèsi a tout moun ki genyen Pri Be Exceptional lan pou ane 2022 an!

Pou jwenn plis enfòmasyon sou ganyan nou yo klike la
Dr. Jack Maypole breaks down five important things you need to know about kids and COVID

Kounye a BMC genyen vaksen kont COVID-19 lan pou timoun ki gen ant sis (6) mwa jiska senk (5) lane. Nou rekòmande pou tout moun ki gen plis pase sis (6) mwa depi yo te pran vaksen, etandone vaksen yo kontribiye nan yon fason enpòtan nan sekirite ak sante timoun nou yo. 

Èske ou toujou gen kesyon? Watch this quick video of Dr. Jack Maypole (Gade videyo Rapid Doktè Jack Maypole la) pandan l ap eksplike nou senk (5) bagay enpòtan nou dwe konnen sou timoun yo ak COVID lan. 

Nou envite ou tou pou mete ansanm avèk nou pou yon seyans vaksinasyon gratis pou rantre lekòl la kote pitit ou an kapab pran vaksen kont COVID ak grip la, oswa nenpòt lòt vaksen pou timoun.

Ki lè: Samdi, 13 dawou, 10 a.m.-1 p.m.

Ki kote: Bilding Yawkey, 6th Floor,
850 Harrison Ave, Boston, MA 02118

Ou kapab enskri la pou evènman an

Dekouvri pwen rankont ki genyen ant manje ak sante nan yon vizit yon fèm ki enstale sou tèt BMC a. Dekouvri agrikilti sou tèt kay ak tèt kay ekolojik yo, elvaj myèl, epi kijan BMC itilize fèm li a pou amelyore sante kominote nou an.

Ki lè: Mèkredi, 20 jiyè, 6-7 p.m.

Ki kote: Fèm sou tèt kay,
750 Albany Street,
Boston, MA 02118

Enfòme plis epi enskri la a

Vizit anyèl kay doktè ou an sa kapab ede ou rete an sante epi evite gen kansè. BMC vle ede ou pran prekosyon pou evite gen kansè - oswa genyen li bonè.

Patisipe nan yon evènman sou kansè gastwo entestinal gratis ak wofesyonèl swen sante BMC yo.

Ki lè: Madi, 23 dawou, 1-3 p.m.

Ki kote: Moakley Green -
gazon ki anfas Bilding Moakley an ki nan 818 Harrison Avenue
Boston, MA 02118

Enfòme plis epi enskri la a
Icon logo for My Chart - features a red folder with a white heart

Pa bliye! Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya.

Imèl sa a pa la pou li ranplase yon konsèy oswa yon tretman medikal.
Si ou gen yon ijans medikal, tanpri rele 911 tousuit.
Si ou gen yon bezwen medikal ki pa ijan, tanpri rele doktè ou an.



Email Marketing by ActiveCampaign