Share
Nan edisyon sa a: EQTY 2023, Listwa Espwa pou Mwa Retablisman, Konsèy pou evite pran Grip, Rekonpans, Aktivite, ak plis toujou.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
Boston Medical Center Health System

Septanm 2023

Li sa sou entènèt la

BMC Ou a

Moun yo abiye ak atitid pwofesyonèl rasanble andedan yon bilding pou yon konferans. Gen kat banyèr kanpe ak fèmen nan figi ki li "EQTY 2023 Yon Somè pou Jistis Sante - Defansè. Refòm. Mennen. Konstwi. Anplifye.
Inovasyon."

BMCHS ap Òganize EQTY 2023: Yon Rankont pou Jistis nan zafè Lasante

Nan Boston Medical Center Health System (BMCHS), nou konprann lojman, revni, edikasyon, aksè ak manje sen, epi swen medikal se bagay ki jwe yon wòl enpòtan nan sante jeneral yon moun. Nou kwè chak moun, kèlkeswa kalite eksperyans yo viv la, merite pou li ansante, epi se yon pati nan misyon nou pou n ede tout moun nan kominote nou an vin pi ansante konpare ak jan yo te ye anvan.

Semèn ki sot pase a, Akseleratè Sante San Patipri BMCHS la te fyè pou l òganize EQTY 2023: Yon Rankont pou Jistis nan zafè Lasante. Nan rankont lan, lidè sèvis swen sante yo, pwofesyonèl medikal yo, defansè yo ansanm ak òganizasyon kominotè yo nan tout peyi a ap reyini pou pale sou fason pou yo travay pi byen anndan kominote nou yo pou yon sèvis sante ki san patipri. Oratè prensipal la, Harriet A. Washington te ankouraje moun k ap patisipe nan rankont lan pou yo "vire do yo bay bagay ki se vanite", jan yo di sa nan atik sa sou HealthCity.

Sijè kle pou rankont yo se: 

  • Otonomi Ekonomik Kominote Nwa yo: Kijan òganizasyon yo kapab envesti nan lojman, devlòpman mendèv travay, ak edikasyon pou kominote moun Nwa yo nan fason ki apwopriye pou kontribiye nan lasante an jeneral?

  • Swen Gwosès san Pati Pri: Chans pou pasyan nwa yo mouri pandan epi apre akouchman 3 fwa pi plis pase si w ap konpare l ak chans pou pasyan blan yo mouri nan menm sitiyasyon sa yo. Kijan sistèm swen sante yo, klinisyen yo, ak lopital yo kapab bay plis asistans, redui nan konplikasyon yo, epi amelyore tretman y ap bay pasyan Nwa yo? 

  • Swen pou Dyabèt san Pati Pri: Konplikasyon dyabèt ak pre-dyabèt yo se konplikasyon ki egziste toupatou nan kominote Nwa, Ispanik, ak Endijèn yo, men kominote minorite yo gen mwens chans pou yo resevwa sèten tretman si w ap konpare l ak pasyan Blan yo, tretman tankou monitè gloikoz kontini yo, pou ede yo kontwole dyabèt yo (sik). Kijan sistèm sante yo, lopital yo ansanm ak klinisyen yo kapab bay swen ki pi bon epi ki enkli tout kalite moun pou pasyan nwa ki ap soufri dyabèt (sik), tankou entèvansyon nan premye faz maladi yo?

Gade videyo yo ki pi ba a pou aprann kijan BMCHS ap fè avansman nan rechèch epi ap pran mezi pou l vin gen yon enpak enpòtan sou kominote nou an.

Akseleratè Sante San Pati Pri BMCHS la ap Prezante Mobilite Ekonomik
Akseleratè Sante San Pati Pri BMCHS la ap Prezante Gwosès san Pati Pri
Akseleratè Sante San Pati Pri BMCHS la ap Prezante Dyabèt san Pati Pri

Pwogram Rapid ACCESS la: Yon Ti kras Lespwa pou Moun ka Libere anba Depandans

Yon jèn fanm Nwa chita sou yon kachèt pandan y ap resevwa konsèy nan men yon konseye fi Nwa.

Mwa septanm se Mwa Retablisman Nasyonal epi ann BMC nou angaje n pou n ofri yon gran varyete pwogram tretman depandans ki pa baze sou jije moun. An 2021, Grayken Center for Addiction an nan BMC te lanse pwogram Rapid ACCESS (Assessment, Connection, Counseling, and Engagement with SUD Services) lan, ki li menm konekte moun yo ak tretman apwopriye a epi ak antrenè retablisman ki fòme. Sipò pèsonalize ak fleksib sa a bay moun mwayen pou yo otonòm nan demach y ap fè pou retabli tèt yo ki bon pou yo, san sa pa mande pou yo sispann pran dwòg lapoula. Pwogram nan vize senplifye pwosesis rechèch èd lpou adiksyon an, epi l ap ede moun ki ap soufri twoub konsomasyon sibstans toksik yo vin resevwa tretman alontèm.

Li plis apwopo ekip Rapid ACCESS nou an →

BMC Voices: Chimen yon manman pran pou geri

BMC pasyan Rene kanpe avèk fanmi li. Pi gran pitit gason l lan, yon granmotan blan, kenbe sè l la nan bra l. Rene kanpe ant li menm ak mari l ', tou yon gason blan. Nan
ranje devan an se lòt timoun Renee: kat gason ant laj 2 ak 13, ak yon jèn tifi blan

Renee te dekouvri li ansent pou lapremye fwa lè l gen 18 lane, nan moman li te adikte nan pran opyoyid. Klinisyen ki jere dosye radyografi a te ba l nimewo Project RESPECT nan BMC an epi Renee pa t janm tounen gade dèyè depi lè a. Pwogram nan, ki pran swen fanm ansent ki ap soufri twoub konsomasyon sibstans toksik, te ede Renee nan ba li yon tretman entansif ak metadòn (methadone), yon siveyans ak anpil swen, epi tès pou dwòg, ansanm ak aksè nan gwoup sipò epi sèvis konsèy pou ede l libere anba depandans lan. Jounen jodi a, istwa Renee, ki se yon manman sèt timoun ki fèt nan BMC (epi li gen yon lòt ki nan wout pou l fèt) se yon enspirasyon pou tout lòt moun k ap pote kwa yo nan zafè adiksyon.

Li plis konsènan chimen Renee te pran an la a →

6 Konsèy pou Evite Grip la pandan Sezon sa a

BMC angaje l pou l ede w ansanm ak moun pwòch ou yo rete ansante. Li enpòtan pou fè demach pou evite pran grip ak lòt maladi moun pran nan viris yo nan sezon otòn ak ivè sa a. Men sis konsèy k ap ede w rete ansante:

Pran vaksen kont grip la

"Fè prevansyon pou viris grip la pou nou menm ak moun pwòch nou yo kòmanse ak vaksen kont grip la w ap fè pwofesyonèl swen sante w la ap ba w la. BMC pare epi l ap tann ou!" se sa Patrick Rhault, Enfimye An Chèf Adjwen nan Sèvis Anbilatwa a di. Ou kapab aprann konsènan vaksen grip la nan BMC lè w ale sou www.bmc.org/flu.

Lave Men w Souvan
Lave men w souvan ak savon epi dlo pandan omwen 20 segonn, sitou lè w fin touse, estènye, oswa lè w fin al nan twalèt, epi anvan w manje. Si pa gen savon ak dlo, itilize dezenfektan men ki gen omwen 60% alkòl.

Kanpe Kontaminasyon Jèm yo
Kouvri bouch ou ak nen w avèk yon twal oswa koud ou lè w ap touse oswa estènye pou evite jèm yo al kontamine lòt moun. Jete twal yo nan yon poubèl ki fèmen epi lave men w tousuit. Evite manyen figi w, sitou je w, nen w ak bouch ou.

Pratike Distans Sosyal
Pandan sezon grip la, eseye kenbe yon sèten distans fizik pa rapò ak moun ki malad yo, epi evite rete toupre oswa n kontak ak moun ki gen sentòm tankou snetòm grip yo. Sa kapab redui nan risk pou w kontamine ak viris.

Kontinye Viv Ansante
Ranfòse sistèm iminitè w pandan w ap viv yon vi ki sen. Sa vle di w dwe gen yon rejim alimantè ki ekilibre ak fwi epi legim, fè egzèsis regilyèman, toujou idrate kò a, epi dòmi ase. Yon sistèm iminitè kapab ede kò w kwape enfeksyon yo pi fasil.

Dezenfekte Sifas Moun Manyen Anpil yo
Netwaye ak dezenfekte sifas moun manyen souvan anndan kay ak espas travay ou regilyèman, tankou seri pòt, bouton limyè yo, sifas biwo yo, ak aparèy elektwonik moun pase youn bay lòt yo. Sa kapab ede nan evite viris grip la kontamine moun nan espas w ap viv la ak sa w ap travay yo.

Sonje konsèy sa yo kapab non sèlman ede kanpe kontaminasyon grip lan, men tou, mete sou sa a li ka pwoteje w kont lòt maladi respiratwa, tankou rim ak COVID-19. Asire w ou rete enfòme sou direktiv ak rekòmandasyon sante lokal yo, paske yo kapab chanje selon nivo lokal grip ak lòt maladi moun pran nan viris yo.

Aprann kijan w kapab ale pran vaksen grip ou nan BMC →

Awards

Pi Bon Espas Travay pou Paran ak Fanmi yo
BMC santi l fyè pou l parèt nan lis Newsweek Pi Bon Espas Travay pou Paran ak Fanmi yo pou 2023 a. Lis sa idantifye 800 pi bon konpayi Ozetazini pou paran, paran ki pa gen konjwen yo, ak fanmi ki bay omwen 1,000 anplwaye travay.

Doktè Sujey Morgan, yon fanm Latina, ap souri. Li pote yon chemiz blan.

ALX100

Sujey Morgan. DDS, MS, Direktè nan Maxillofacial Prosthetics Clinic (Klinik Pwotèz Maksilofasyal) anndan BMC, se yon moun Amplify Latinx chwazi bay rekonpans pou seremoni inogirasyon 2023 ALX100 Awards la. ALX100 Awards rekonpanse tout lidè latino yo nan tout eta Massachusetts ki te montre yon efikasite san parèy epi ki te fè travay enpòtan nan mitan kominote yo. Felisitasyon, Doktè Morgan!

Yon souri, jèn fanm Azyatik mete fwote woz ak yon estetoskòp nan kou li.
Pwogrese nan Karyé ou!

Rejwenn nou pou redefini swen sante nan Boston ak nan lòt kote. Pa janm gen yon moman ki pi enteresan pou ou fè pati ekip ki chanpyon nan domèn Swen ak Radyoloji nou genyen an.

Gade pòs ki disponib yo la a.

Evènman yo Prevwa

Mache Fèmye BMC

Kilè: Chak madi rive nan dat 31 oktòb. sòti 12 PM rive 1 PM
Ki kote: Shapiro lobby at 725 Albany Street

Evènman Mwa Retablisman yo
Septanm se Mwa Nasyonal Retablisman an, epi kòm yon lidè nan tretman ak nan resous pou maladi ki gen rapò ak itilizasyon sibstans yo (substance use disorder, SUD), Grayken Center for Addiction nan Boston Medical Center deklare li posib pou ou libere anba yon depandans. Tanpri vin patisipe avèk nou nan aktivite sa yo:

  • Bulldog Running Club
    Kilè: Samdi 23 septanm 2023, 9-11 a.m.
    Ki kote: Chestnut Hill Reservoir
    Rezève plas ou la a.

  • Panèl Sèvis Konsiltasyon pou Adiksyon
    Kilè: Mèkredi 27 septanm midi rive 1:00 p.m.
    Ki kote: 820 Harrison Ave, Boston, MA 02118

  • Art nan Egzibisyon Recovery
    Kilè: 26 septanm - 6 oktòb
    Kote: Grove Hall Branch, Bibliyotèk Piblik Boston, 41 Geneva Ave., Dorchester, MA

  • Atizay nan Recovery Egzibisyon Ouvèti Resepsyon 
    Kilè: Mèkredi, 27 septanm, 3-5:30 p.m.
    Kote: Grove Hall Branch, Bibliyotèk Piblik Boston, 41 Geneva Ave., Dorchester, MA Kanpay Asistans

  • Seri Fòmasyon pou Mwa Retablisman nan Grayken TTA

    Kilè: Plizyè dat pandan mwa septanm nan

    Ki kote: Vityèl

    Enfòme plis epi enskri a la.

Tout detay sou aktivite Mwa Retablisman yo disponib la a →

Making Strides of Boston

Kilè: Dimanch, 1ye Oktòb a 7:30 AM

Ki kote: DCR Hatchshell, 47 David G Mugar Way, Boston, MA

Ou kapab jwenn Ekip BMC an anba tant Healthy You an nan Pink Oval la! Aprann plis la a

Mach Anyèl pou Lit Kont Anemi Falsifòm

Kilè: Dimanch, 8 Oktòb a 10 AM

Ki kote: Shattuck Picnic Area, Franklin Park

Enskri pou mache avèk nou oswa fè yon don la a

Mike’s 5K to Crush Substance Abuse

Kilè: Samdi, 14 Oktòb a 10 AM

Ki kote: Collicot School, 80 Edge Hill Rd, Milton, MA 02186

Enskri pou Patisipe nan Ekip BMC an oswa fè yon don.

Nan Pwòp Mo Pa w

Tout moun trete m ak anpil respè epi yo rann li fasil pou mwen pou m geri. Lè moman an rive pou m ale, se yon lòt moun madanm mwen ak timoun mwen yo wè ki antre nan kay la.

"Nan Pwòp Mo Pa ou" prezante kòmantè pasyan ki te patisipe nan sondaj sou sansibilizasyon anrapò ak eksperyans pasyan yo. Nou remesye ou paske ou te pran tan pou ou patisipe nan sondaj sa yo epi pou pataje panse ou avèk nou. Yo sèvi ak enfòmasyon ki rasanble nan kad sondaj sa yo pou detèmine ki kote nou ka amelyore, yon fason pou n kontinye bay tout moun swen eksepsyonèl.

Lyen itil

iconJwenn yon Doktè
iconEnfòmasyon vizitè yo
iconPran yon randevou

Pa bliye! Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart. Kreye kont ou oswa konekte jodya.



Email Marketing by ActiveCampaign