Share
Preview
Bonjou, epi byenvini nan piblikasyon #2
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌
 
 
 
Jen 2022
 
Piblikasyon #2
 
 
Bonjou, epi byenvini nan BMC ou (Your BMC).
"BMC ou (Your BMC)", bilten enfòmasyon elektwonik nou an, pral pataje enfòmasyon sou swen ak koneksyon ki fèt chak jou nan kominote Sant Medikal Boston (Boston Medical Center).
Ou se yon eleman ki enpòtan nan kominote nou an, epi nou la pou ede w vin plis an sante. Nan kad pakousante ou a, bilten sa a gen enfòmasyon ki enpòtan konsènan sèvis ak pwogram, konsèy pou moun kapab viv an sante, istwa ki soti nan BMC, ak plis ankò.
 
 
Image of Selina, a BMC patient who shares her story about her battle with Multiple Sclerosis
Vwa BMC : Renee
Lè Renee te vin konnen li te ansent premye tibebe li a, nouvèl la te amè epi dous, paske Renee te genyen yon depandans opyoyid. Men, nan premye ekografi li a, li te genyen yon santiman detèminasyon ki te anvayi li. "Lè mwen te wè ekran an, mwen te reyalize mwen te oblije jwenn yon fason pou m vin pi modere." Gen yon klinisyen ki te bay Renee yon nimewo telefòn pou yon nouvo pwogram BMC, Pwojè RESPÈ (Project RESPECT), epi li pa janm gade dèyè.
Renee chwazi remèt kominote BMC a sa l te fè pou li yo, li annik bay tèt li kòm volontè pou pwogram ki vin apre Pwojè RESPÈ la, SOFAR, ki bay sipò pou paran ki nan retablisman ak pitit yo.
 
 
Evènman Gratis: Depistaj sou Gazon Bilding Moakley la
Nan monn jodi a, yo souvan mete aktivite woutin tankou ale kay dantis epi ale nan vizit doktè chak ane yo annatant. Men, vizit chak ane sa yo kapab ede asire w rete an sante epi evite gen kansè. Kit ou te ale kay doktè w la ane pase oswa depi 10 lane, BMC vle ede ou pran mezi pou ka anpeche w gen kansè - oswa detkte li byen bonè.
Tanpri, enskri pou w kapab fè yon tès depistaj kansè nan tèt ak nan kou gratis epi patisipe nan yon fòmasyon pwofesyonèl swen sante BMC yo ap fè.
Kilè: Madi, 19 jiyè, 1 P.M. ou rive 3 P.M.
Ki Kote: The Moakley Green
(gazon ki devan Bilding Moakley la nan 818 Harrison Ave.)
 
 
BMC doctors, nurses and staff kneel in solidarity to honor the Black Lives Matter movement
Bon Mwa Fyète
Chak mwa jen, nou pran yon poz pou nou ka selebre FYÈTE (PRIDE) - evènman mondyal sa a mete aksan sou enpòtans pou moun aksepte pwòp tèt yo, sou enklizyon, respè, vizibilite, ak sipò pou pwoteksyon legal ak dwa egalego pou kominote LGBTQIA+ atravè lemonn.
BMC Health System fyè pou l selebre manm ekip LGBTQIA+ nou yo ak kontribisyon yo nan swen eksepsyonèl nou bay pasyan nou yo ak kominote yo. Nou rekonesan pou pèspektiv, eksperyans, ak talan san parèy ou pote nan fanmi BMC a.
 
 
BMC Nan Nouvèl
Pwogram Defans ak Entèvansyon kont Vyolans nou an (Violence Intervention Advocacy Program, VIAP) ede moun ki viktim vyolnas kominotè yo retabli apre chòk fizik ak emosyonèl la. Wout gerizon an kapab difisil pou moun ki viktim nan ak manm fanmi li kèlkeswa jan chòk la te fèt.

Pandan toujou gen vyolans k ap fèt ak zam nan Etazini, paran yo ap fè fas ak yon seri konvèsasyon difisil yo dwe genyen ak pitit yo. Neena McConnico nan BMC esplike plizyè fason paran yo kapab abòde sijè sansib sa a.
Photo of Adult Primary Care team in new location at the Crosstown Building
 
 
Photo of Adult Primary Care team in new location at the Crosstown Building
Yon Nouvo Sit pou Swen Prensipal pou Granmoun
Swen Prensipal pu Granmoun (Adult Primary Care),  Sante Fanm yo (Women's Health) ak OBAT demenaje nan 5yèm etaj Crosstown Building ki nan 801 Massachusetts Avenue. Yo pa nan Shapiro Building lan ankò.
Gen sis (6) klinik Swen Prensipal pu Granmoun (Adult Primary Care) nan BMC ki gen plis pase 50 pwofesyonèl swen sante, ki pa sèlman bay pasyan yo swen prensipal yo bezwen an, men tou, yon seri klinik espesyalize nan sante fanm ak depandans opyoyid, epi yon klinik pou moun ki pale Panyòl sèlman. Pèsonèl divèsifye BMC a pale anpil lang epi gen sèvis entèprèt pou plizyè lang ki disponib pou fè eksperyans ou a vin fasil epi byen konfòtab.
 
 
Pa bliye! Ou kapab toujou poze doktè w la kesyon medikal ki pa ijan epi mande li yon randevou atravè MyChart.
Kreye kont ou oswa konekte jodya.
 
Instagram
 
Facebook
 
Twitter
 
Linkedin
 
Tiktok
 
Website
 
Email
This email is not intended to substitute for medical advice or treatment. If you are having a medical emergency, please call 911 immediately. If you have a non-urgent medical need, please call your doctor.


Email Marketing by ActiveCampaign