Share
Nan nimewo sa a: Yon istwa sou rekonesans ak fòs, Mwa Fyète, Juneteenth, Prim ak Evènman k ap vini yo.Nan nimewo sa a: Yon istwa sou rekonesans ak fòs, Mwa Fyète, Juneteenth, Prim ak Evènman k ap vini yo.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Jen 2023

Li nan navigatè aer

Karakteristik Prensipal

Jwenn rekonesans ak lajwa malgre dyagnostik maladi anemi falsifòm

"Konsantre sou bagay ki pozitif nan lavi ou - fanmi ou, zanmi ou yo, aktivite ekstra eskolè... sa pral ede ou wè bon kote bagay yo," se sa Nnamdi Izuchi di pandan l ap reflechi sou konsèy li te resevwa lè li te timoun epi li t ap lite ak sentòm maladi anemi falsifòm yo (sickle cell disease, SCD). Nnamdi ap fè preparasyon pou l resevwa yon grèf mwèl nan zo, men relasyon li ak BMC te kòmanse depi anvan nesans li. Ify, manman Nnamdi, te sèvi kòm yon teknisyen laboratwa nan BMC pandan plis pase 25 ane, epi Nnamdi te resevwa swen nan Sant Ekselans pou Maladi Anemi Falsifòm BMC a depi lè li te yon timoun. 19 Jen se Jounen Sansibilizasyon Nasyonal pou Anemi Falsifòm, epi pou onore jou sa a, n ap pataje istwa espwa ak fòs konsènan Nnamdi.

Li rès istwa Nnamdi a →
Photo shows Boston Pride Parade where people are dressed in bright rainbow colors. The two people at the front of the parade hold a banner that says "Boston Medical Center Health System - PROUD TO BE"

BMC santi li fyè pou l fete ak sèvi Kominote LGBTQIA+ la

Nan dat 10 Jen, manm ekip BMC yo te montre solidarite yo ak kominote LGBTQIA+ la lè yo te patisipe nan Parad Fyète Boston 2023 a. BMC pran angajman pou l kontinye bay swen sante san paspouki ak tout pasyan yo, kèlkeswa idantite sèksyèl ak oryantasyon seksyèl yo. Misyon nou, patikilyèman nan GenderCare Center (GCC) nou an, se bay kominote nou an swen ki aksesib, pèsonalize, ki respekte idantite sèksyèl, epitou pou fè avanse rechèch, edikasyon, ak pou defann 
dwa moun nan tout New England ak pi lwen toujou.

Juneteenth: Selebre Jistis Rasyal ak Egalite

Juneteenth se yon jou selebrasyon, repo, ak souvni ki onore fen ofisyèl esklavaj Ozetazini. Li komemore 19 jen 1865, lè twoup federal ameriken yo te pran posesyon Galveston, Texas, pou libere moun ki te toujou nan esklavaj yo. Nan BMC, nou fyè dèske nou patisipe nan kèk fèt k ap òganize nan vil la pandan Juneteenth sa a, epi posiblite nou genyen pou pataje avèk kominote nou an angajman nou an favè lajistis ak ekilib nan domèn sante, ki gen ladan bay swen modèn epi ki pèsonalize ak tout moun. 

Gade plis sou evènman yo →

Anons

Alastair Bell, MD, MBA, Nome Direktè Jeneral nan Boston Medical Center Health System

Konsèy Administrasyon sistèm nan nome Alastair Bell, MD, MBA, Direktè Jeneral nan Boston Medical Center Health System (BMCHS). Alastair te nonmen Prezidan BMCHS nan mwa Novanm epi li te okipe pòs Direktè Jeneral Pwovizwa nan sistèm sante a depi mwa Mas. Nan nouvo wòl sa a, li pral kontinye dirije pèfòmans ak devlopman estratejik nou yo kòm yon sistèm sante entegre ki gen ladan pi gwo 
lopital prensipal nan New England ak pi gwo founisè swen Medicaid ap jere nan 
Massachusetts ak nan New Hampshire.

Jwenn plis enfòmasyon →

Thea James, MD, VP Misyon, Rekonèt kòm yon "Ewo Ekite nan Sante”

Nan kòmansman mwa sa a, Boston Globe te òganize Semèn Ekite sou Sante, yon seri evènman ki dire yon semèn, ki te reyini dirijan nan sistèm sante yo, ekspè medikal yo, ak defansè kominote yo pou diskite sou fason pou amelyore posiblite pou tout moun ka patisipe epi pou yo jwenn aksè. Yo te chwazi Doktè James ansanm ak dis lòt aktè pou chanjman k ap mennen nou nan yon avni ki pi an sante, ki pi ekitab.

Jwenn plis enfòmasyon →

Pri

BMC genyen "Pri Top 25 nan Ekselans Anviwònmantal" Practice Greenhealth te bay

An rekonesans ak sa nou reyalize ansanm ak pwogrè nou fè nan domèn dirabilite anviwònman an, Boston Medical Center te nonmen youn nan 25 pi gwo lopital Ozetazini yo pou Ekselans Anviwònman grasa Practice Greenhealth, prensipal òganizasyon nasyonal ki espesyalize nan dirabilite anviwònman nan swen sante.

Jwenn plis enfòmasyon →

Carl Streed Jr, MD, MPH, FACP, FAHA, resevwa Pri Ekselans nan domèn Sante

LGBTQ nan men Asosyasyon Medikal Ameriken an (American Medical Association) Felisitasyon pou Carl G. Streed, MD, MPH, FACP, FAHA, yon pwofesè asistan BU nan medsin epi responsab rechèch pou GenderCare Center isit la nan BMC, ki te resevwa Pri 2023 Ekselans nan domèn Sante LGBTQ (Doktè) nan men Konsèy Administrasyon Fondasyon Asosyasyon Medikal Ameriken an.

Jwenn plis enfòmasyon →

Alastair Bell, MD, Nome youn nan "101 PDG nan Sant Medikal Inivèsitè yo pou Konnen" nan men Becker

Felisitasyon ak Alastair Bell, MD, Prezidan ak Direktè Jeneral BMCHS, pou pri  sa a ki rekonèt kontribisyon enpòtan li pote nan estabilite finansye nou an, nan planifikasyon estratejik nou an, ansanm ak nan inisyativ nou pran an favè divèsite ak ekite nan domèn sante. Pri sa a rekonèt tou angajman nou pran pou fòme pwochen jenerasyon pwofesyonèl nan swen sante yo kòm prensipal etablisman ansèyman ki asosye ak Boston University Chobanian & Avedisian School of Medicine.

Jwenn plis enfòmasyon →

Evènman yo

Mache kiltivatè chak semèn - Mèkredi jiska 31 Oktòb, apati 12 p.m. rive 1 p.m. 
nan Sal Shapiro a nan 725 Albany Street

Pou enfòmasyon sou jou konsyantizasyon nou ap onore ak plis evènman, tanpri asire w ke ou swiv nou sou Facebook oswa Instagram.

Rapèl: Ou ka voye doktè w la kesyon medikal ki pa ijan atravè MyChart.Kreye kont ou oswa konekte jodi a!

Imèl sa a pa fèt pou ranplase konsèy oswa tretman medikal. Si w gen yon ijans medikal, tanpri rele 911 imedyatman. Si w gen yon bezwen medikal ki pa ijan, tanpri rele doktè w.

Règleman sou enfòmasyon prive



Email Marketing by ActiveCampaign