Share
Nan piblikasyon sa a: Mas se Mwa Istwa Fanm yo ak Mwa pou Sansibilizasyon Esklewoz Miltip, BMC Voices, Reyamenajman Kanmpous la, Rekonpans, ak Evènman k ap vini yo.
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Li sa sou entènèt la.

Your BMC - Care | Connection | Community

Mas 2023

Piblikasyon #11

Boston Medical Center Logo

Bonjou, epi Byenvini nan BMC Ou an.


Ou se yon manm enpòtan nan kominote nou an, epi nou la pou ede ou vin gen bonjan sante. Bilten sa a gen enfòmasyon enpòtan sou sèvis ak pwogram yo, konsèy pou yon lavi ekilibre, istwa sou BMC, ak lòt ankò.

Mas se Mwa Istwa Fanm yo

Nou fè efò pou selebre fanm yo chak jou nan BMC epi fè egalite fanm yo vin yon priyorite atravè lopital la. Nan onè Mwa Istwa Fanm yo ak Jounen Entènasyonal Fanm yo, ki te 8 Mas, kèk nan lidè fanm nou yo pataje fason nou respekte ekite nan BMC.

Multiple Sclerosis Care at Boston Medical Center

Mas se Mwa Sansibilizasyon Esklewoz Miltip

Èske ou te konnen yo estime gen 200 nouvo ka nan esklewoz miltip (MS) yo dyagnostike chak semèn nan peyi Etazini?
 Pou Mwa Sansibilizasyon MS la, nou ta renmen ba ou plis enfòmasyon sou Sant MS nou an.

Sant MS BMC a se yon Sant ki espesyalize nan bay Swen MS konplè atravè pwogram Patenarya Swen MS nan Sosyete Nasyonal Esklewoz Miltip (National Multiple Sclerosis Society's Partners in MS Care program.) Ekip ekspè MS nou an angaje l nan ede moun ki gen MS yo viv pi byen posib lè yo bay swen pèsonalize ki reponn ak bezwen pasyan an yon fason jeneral. 


BMC Voices: Sa gen 10 ane, li te ede nan trete moun ki viktim nan bonm maraton an, kounye a l ap kouri pou ekip BMC a.

Nan dat 15 Avril 2013, Frederick Powell, MD, ki te yon rezidan nan BMC, eksperyans li te pase aleprèv yon fason sèlman kèk rezidan te kapab konprann - reponn ak bonbadman Maraton Boston an. Dezan pita, Powell pa t santi l byen epi san pèdi tan li te wè l nan sal ijans BMC a, li te fè yon atak kè ak sèlman 33 ane.

"Se akòz bonjan swen mwen te resevwa nan BMC ki fè mwen toujou isit la jodi a."

Ankouraje grasa eksperyans li kòm yon rezidan BMC k ap reponn ak bonbadman Boston Maraton 2013 a ansanm ak swen li te resevwa kòm yon pasyan BMC, Frederick Powell, MD, pare pou l atake Maraton Boston 2023 a ak Ekip BMC a.

Mizajou sou Reyamenajman Kanmpous la

Nou vle ou konnen lòt deplasman ak ouvèti klinik k ap fèt nan kad pwojè reyamenajman kanmpous la k ap kontinye. 

Famasi Crosstown – 2 Avril, yon nouvo famasi pral ouvri nan bilding Crosstown nan. 

Operasyon nan Bouch ak nan Machwè ak Vizaj (Oral and Maxillofacial Surgery, OMFS) ak Klinik Dantè – Nan mwa Avril, klinik la pral deplase soti nan Yawkey Center pou vin nan 6yèm etaj bilding Shapiro a. 

Klinik Pedyatri– Fen Avril, klinik la pral deplase soti nan Yawkey Center ak nan bilding Shapiro pou vin nan 7yèm etaj bilding Crosstown.

Terapi Fizik ak Terapi pwofesyonèl  – Fen Avril, klinik sa yo pral deplase nan yon nouvo espas nan South Bay Center, ansanm ak kèk nouvo sèvis enteresan. Plis detay pou vini. 

Klinik Vaksen COVID ki te sitiye nan koulwa Shapiro nou an fèmen kounye a. Tanpri rele founisè swen prensipal ou a pou ou pran yon vaksen COVID-19 oswa vizite mass.gov.

Rete ajou ak tout enfòmasyon anrapò ak reyamenajman kanmpous la, lè ou sèvi avèk lyen ki anba a. 


Manm MassHealth bezwen renouvle asirans sante yo.
Aji kounye a. Rete kouvri.

Li enpòtan pou ou gen asirans sante tout tan, pou randevou medikal ou yo, preskripsyon yo, ak tès laboratwa ou yo kouvri. Chak ane, moun MassHealth kouvri yo bezwen renouvle asirans sante yo pou kenbe kouvèti gratis yo a.
Ou ap resevwa yon avi nan men MassHealth lè li lè pou renouvle, sepandan, men sa ou ka fè kounye a:

  1. Mete ajou enfòmasyon kontak ou: Asire ou MassHealth gen bon adrès, nimewo telefòn, ak adrès imel.

  2. Mete ajou enfòmasyon pèsonèl ou: Fè MassHealth konnen nenpòt chanjman ki fèt nan kay ou, tankou yon nouvo travay, chanjman nan revni ou oswa sitiyasyon andikap ou, ak gwosès.

Ou ka mete ajou enfòmasyon ou yo epi rapòte chanjman yo lè ou itilize Kont Koneksyon MA ou an nan: www.mahix.org/individual.

Ou pa gen yon kont? Si ou poko gen 65 ane, vizite mass.gov/masshealthlogin.

Si ou gen nenpòt kesyon, ou ka kontakte Sèvis Kliyantèl MassHealth nan 800-841-2900.

Prim

CMO pou KonnenFelisitasyon pou David McAneny, MD, Doktè an Chèf nan BMC (Chief Medical Officer, CMO)  paske Becker's Hospital Review te chwazi li pami 110 CMOs Lopital ak Sistèm Sante pou Konnen. Yo te chwazi dirijan ki parèt sou lis sa a pou wòl enpòtan yo jwe nan oryante pwogrè òganizasyon yo a pandan y ap kontinye sèvi pasyan yo ak kominote yo. Anba lidèchip li, BMC te fè gwo pwogrè anrapò ak bonjan kalite ak ekselans nan domèn klinik, e nou fyè pou nou genyen li nan ekip nou an!
 Gade lis konplè a la a.

BMC konte pami "pi bon lopital nan lemonn" selon jounal Newsweek. – "Pi bon lopital nan monn nan toujou atire pi bon moun yo epi yo bay pi bon rezilta pou pasyan yo ansanm ak nouvo terapi ak rechèch ki pi enpòtan yo." 
Pi gwo priyorite nou se toujou bay pasyan nou yo bonjan kalite swen, e nou fyè dèske nou nan lis Pi bon Lopital Mondyal 2023 yo selon jounal Newsweek. Gade tout klasman yo la a


BMC chwazi pami 150 Pi Bon Kote pou Travay nan sektè Swen Sante" selon Becker's Hospital Review " – Lis sa a gen pou objektif atire atansyon sou lopital, sistèm sante ak konpayi swen sante ki envesti nan byennèt, satisfaksyon, ak pwogrè anplwaye yo. Gade lis la la a

Evènman

Mwa y ap egzamine nan BMC:

Mwa Nasyonal pou Ren

Èske ou te konnen ren ou kontwole tansyon ou? Sheward, Doktè nan BMC, pataje kèk enfòmasyon sou ren nan onè Mwa Nasyonal Ren ak Jounen Mondyal Ren. Gade videyo a la a.

Mwa Nasyonal Nitrisyon


Pou selebre Mwa Nasyonal Nitrisyon an, Kwizin Edikatif nou an ap pataje resèt ki baze sou plant ki fasil pou fèt epi ki vrèman gou. Jwenn resèt la pou yon salad pòm ak nwa la a.

Evènman yo Prevwa:

APR 3 

Fwa sou travay nan BMC sou plas
Lè: Lendi 3 Avril, 4 p.m. jiska 7 p.m.

Ki kote: FGH Building, 820 Harrison Avenue

Ou pral gen okazyon pou ou rankontre epi pale ak responsab anbochaj yo ak rekritè k ap chèche:

  • Teknisyen Radyoloji / Teknisyen Imajri

  • Flebotomis

  • Teknisyen medikal

  • Teknisyen famasi

  • Reprezantan Sèvis Ekstèn (Sèvis Kliyantèl)

  • Pwofesyonèl laboratwa yo

  • Asistan Medikal 

Pou jwenn plis enfòmasyon epi rezève plas ou a, vizite nou isit la.

APR 3 

Demonstrasyon sou kwit manje Ramadan: Suhoor (repa anvan douvanjou)
Lè: 3 Avril 12 p.m. jiska 1 p.m.

Ki kote: Virtuel sou Zoo
m oswa nan Kwizin edikatif nan BMC, Yawkey 2
Nan kou sa a, ou pral aprann nan men yon fòmatè gastwonomik ak yon obsèvatè Ramadan ki jan pou prepare yon krèp patat dous sou fòm tahini ak erab, ansanm ak avwàn ki gen mitil ak nwa avèk dat. Enskri la a.

APR 10 

Demonstrasyon sou kwit manje Ramadan: Iftar (Jèn nan kanpe)
Lè: 10 Avril 12 p.m. jiska 1 p.m.
Ki kote: Virtuel sou Zoo
m oswa nan Kwizin edikatif nan BMC, Yawkey 2
Kwizin Edikatif nan BMC bay enstriksyon pou yon pla prensipal ki fasil pou prepare epi li se yon chwa pafè pou Iftar: kabsa ti mouton an. Enskri la a.

APR 17 

Boston Marathon 2023
Lè: Lendi 17 Avril 2023
Ki kote: Hopkinton rive Boston

Antre nan Ekip BMC a pou Maraton istorik Boston®. Chak ane, Boston Medical Center fyè dèske li genyen yon ekip kourè ki devwe ki fè mil yo vin gen plis sans nan ranmase lajan pou sipòte pasyan nou yo ak fanmi yo.
Aprann plis sou ekip nou an epi fè don pou sipòte yo la a.

Icon logo for My Chart - features a red folder with a white heart

Pa bliye: ISi kouvèti asirans ou an chanje pou 2023, ou ka mete l ajou nan kont MyChart ou an. Ou ka sèvi ak MyChart tou pou planifye tchèkòp anyèl ou yo oswa pou voye bay doktè ou la kesyon medikal ki pa ijan. Kreye kont ou an oswa konekte jodi a!



Email Marketing by ActiveCampaign