Share
Nan Edisyon Sa a: Kote Pi Bon Doktè yo vin bay Tout Boston Swen, Vwa BMC: Apwòch pèsonalize Dr Abdeen nan bay pi bon rezilta, Mete Disponib pou Tout Moun yon Tretman Kansè Modèn, Reyamenajman Kanmpous - Ki sa ou bezwen konnen sou kote ou bezwen ale, epi Byenvini ak Premye Tibebe 2023 Nou an
 ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌ ‌

Li sa sou entènèt la.

BMC Ou a - Swen | Koneksyon | Kominote

Janvye 2023

Edisyon #9

Boston Medical Center Logo
Welcome to Your BMC

Bonjou ak Byenvini nan BMC ou an.


Ou se yon manm enpòtan nan kominote nou an, epi nou la pou ede ou vin genyen bonjan lasante. Bilten sa a genyen enfòmasyon enpòtan sou sèvis ak pwogram yo, konsèy pou yon lavi miyò, istwa ki rakonte sou BMC, ak plis ankò.

BMC CEO Kate Walsh

Semèn sa a n ap pataje yon nouvèl ki enteresan, byenke li alafwa rejwisan epi tris, se nominasyon BMC CEO Kate Walsh kòm Sekretè Sante ak Sèvis Sosyal nan Massachusetts nan ekip Gouvènè Maura Healey. Nou vrèman fyè pou Kate ak lidèchip eksepsyonèl li a pandan 13 ane ki sot pase yo, epi nou pa ka tann pou n wè rezilta li pral jwenn nan nouvo wòl sa a.

Gouvènè Healey fè konnen, “Kate Walsh se egzakteman lidè Massachusetts bezwen pou moman sa a nan swen sante. Li pwouve kiyès li ye nan rezilta li bay nan domèn sante ekitab, pri abòdab ak sante konpòtmantal, pandan l ap tou atake faktè sosyal anrapò ak lasante tankou ensekirite alimantè ak lojman. Li pral pote nan biwo a nouvo apwòch ak konpasyon ki santre sou bezwen pasyan yo ak founisè yo."

Boston Magazine Rekonèt 116 Doktè BMC Pami Meyè Doktè Vil la

Nan BMC, klinisyen nou yo reflete kominote nou an - epi nou panse sa fè yon gwo diferans. Yon pi bon reprezantasyon ap amelyore kapasite nou genyen pou bay bon kalite swen ak tout kominote nou an. Nou onore paske gen 116 nan doktè nou yo Boston Magazine rekonèt nan gid 2023 "Pi Bon Doktè (Top Doctors)" li a.

Chak ane, Boston Magazine travay ak konpayi rechèch sou swen sante Castle Connolly Top Doctors pou kreye yon rejis anyèl "Top Docs" nan Boston. 

Felisitasyon ak tout Top Docs nou yo, ak plizyè milye anplwaye ki fè BMC espesyal, nan Boston ak nan lòt zòn.

 Foto a montre onz doktè BMC nan rad laboratwa blan chita nan yon oditoryòm ak liy etikèt la "Kote pi Bon Doktè yo vin bay Tout Boston Swen"
 Foto montre Dr Abdeen eksplike operasyon ranplasman jenou bay yon pasyan
Vwa BMC: Apwòch Pèsonalize Dr. Abdeen nan Bay Pi Bon Rzilta

Moun ki soti nan tout zòn k ap soufri ak divès maladi ki gen rapò ak jwenti vin konsilte nan men ekip ki espesyalize nan Atwoplasti (Ranplasman) Anch ak Jenou nan BMC, yon pati nan depatman Chiriji Òtopedi nou an. Soti nan atlèt nan nivo mondyal k ap chèche retounen nan spò yo, rive nan granparan ki vle mache avèk fasilite, ak lòt granmoun ki bezwen kapab retounen nan travay, ekip nou an espesyalize nan pèsonalizasyon tretman selon bezwen espesyal chak pasyan genyen.

"Ou bezwen vrèman pale ak moun ki devan ou an, epi mande pasyan an opinyon li ak objektif li genyen pou sante li," se sa Dr. Abdeen fè konnen. "Nou fè pasyan an patisipe epi nou asire nou yo vrèman byen enfòme sou tretman maladi a ak sou posiblite ki genyen yo. Nou ba yo pouvwa pou yo pran desizyon pou swen sante yo k ap bon pou yo."

Mete Disponib pou Tout Moun yon Tretman Kansè Modèn

Terapi pa mwayen selil CAR T se yon tretman ki pisan epi ki vrèman efikas pou lenfom ki pa Hodgkinyen (non-Hodgkin lymphoma) ak yon pousantaj tretman ki varye ant 40 jiska 50%. Pou senk dènye ane yo, CAR T te disponib sèlman nan gwo sant kansè yo ak yon pri trè wo - kòmanse nan $400,000. Si yon pasyan kapab jwenn aksè pou yon esè klinik CAR T, pri terapi a gratis. Men, esè klinik yo pa toujou aksesib pou tout moun.

Sant Kansè BMC a ak pwogram Terapi selil CAR T BMC yo, Dr. Fabio Petrocca, ap dirije, gen objektif pou chanje sa , lè yo etabli kontak dirèk ak fabrikan pwodui famasetik yo pou ofri esè klinik nan kominote nou an. Petrocca di: "Travay nou se defann pasyan BMC yo epi asire yo jwenn aksè kounye a ak tretman FDA apwouve yè, men se pa nan senk (5) ane."

 Foto a montre Doktè Petrocca k ap pale ak yon lòt doktè pandan y ap revize yon bagay sou yon ekran òdinatè
 Foto BMC Pasyan Eldin ak nouvo pitit gason li a, Andre nan kabann lopital yo yon ti tan apre nesans Andre.
Byenvini ak Premye Tibebe 2023 Nou an

Nouvo ane a se yon moman kote n ap tann yon nouvo kòmansman ak lajwa ak espwa. Sa a se laverite sitou pou Edlin, ki te fè nouvo pitit gason li a, Andre, isit la nan BMC nan dat 1ye Janvye, a 12:15 a.m. Nou swete fanmi yo lanmou, sante, ak kè kontan pou ane sa a ak pou tout ane k ap vini yo. Bòn ane tout moun, epi byenvini Andre nan monn nan!

Reyamenajman Kanmpous - Ki Sa Ou Bezwen Konnen Sou Kote Ou Bezwen Ale

Anrapò ak efò n ap fè pou gen plis aksè ak swen epi pou amelyore enstalasyon nou yo, nou te kòmanse yon nouvo faz nan pwojè reyamenajman kanmpous klinik nou an. Nan kad pwojè sa a, kèk nan klinik nou yo ap deplase. Pou ou rete ajou ak tout enfòmasyon anrapò ak reyamenajman kanmpous la, vizite sit entènèt nou an lè ou sèvi avèk lyen ki anba a.

Dènye klinik nou genyen ki deplase se OB/GYN. Inite Swen OB/GYN, oswa BEACON, kounye a nan bilding Menino, 2yèm etaj. Klinik Prensipal OB/GYN ak Inite Tès Prenatal (Antenatal Testing Unit, ATU) te deplase nan bilding Shapiro, 5yèm etaj. Pou tout kesyon sou randevou ou an, tanpri rele 617-414-2000.

Foto deyò yon bilding BMC

Yon lòt chanjman enpòtan: apati Vandredi 27 Janvye, tès COVID pasyan yo p ap disponib ankò nan Klinik ILI a, eksepte tès k ap fèt anvan yon operasyon. Tanpri kontakte founisè swen prensipal ou a pou fè tès nan klinik la epi pou jwenn enfòmasyon sou disponiblite kit tès adomisil yo. Si ou pa yon pasyan ki pral fè operasyon, oswa pou lòt opsyon tès, tanpri vizite yon sit tès nasyonal oswa lokal sit tès nasyonal oswa lokal oswa itilize yon tès adomisil si gen youn ki disponib. Pou tout enfòmasyon ou genyen konsènan COVID, tanpri vizite COVID-19 paj enfòmasyon nou an.

Free Events at BMC

Mwa sa a nan BMC:

Sèmen CRNA (22/1 - 28/1)
Mèsi anpil ak ekip san parèy Enfimyè Anestezis Sètifye nou an (Certified Registered Nurse Anesthetists, CRNAs). Ede nou onore yo la a.

IV Jounen Enfimyè (25/1)
Nou rekonesan pou konpetans yo nan domèn periferik, liy medyàn, ak PICCs! Ekip la fè ensèsyon, depanaj, ak konsiltasyon! Ede nou onore yo la a.

Mwa Sansibilizasyon sou Sante Kòl Matris

Mwa Sansibilizasyon sou Tiwoyid

JAN 31 

Kwizin Monn nan: Edisyon Ouganda
Kilè: Madi 31 Janvye, 12:30 p.m. – 1:30 p.m.
Ki kote: kafeterya Yawkey nan BMC & Zoom

Chef Ougandè John Baptist ak edikatè nitrisyon gastronomik nou an pral prezante resèt rolex Ougandè yo ak yon salad bètrav sou fòm kouskous. Vin jwenn nou an pèsòn nan kafeterya Yawkey a oswa sou Zoom. Ou ka enskri la a.

FEV 
12 

Mach Ivè
Kilè: Dimanch 12 Fevriye
Ki kote: Copley Square, Boston

Vin patisipe ak Ekip BMC a nan Mach Ivè a ki se yon evènman anyèl ki konsantre sou yon misyon ki se kwape limit ki anpeche n lite kont koze moun pa ka gen kay pou dòmi ladan l lan. Ekip BMC an ap patisipe nan mach 3 kilomèt (2 mil) n ap fè nan vil Boston an pou n sipòte angajman Sant Medikal Boston an (Boston Medical Center, BMC) genyen pou l lite pou egalite nan koze lasante, ki genyen ladan li lit pou abòde pwoblèm moun ki pa gen kay yo. Enskri pou mache avèk nou oswa fè yon don la a.

 foto a montre yon fanm k ap souri ak tèks "Kounye a anbochaj: chanpyon ekite, inovatè swen, enfimyè bmc"

BMC iap Anboche!

Travay nan Boston Medical Center vle di ou fè pati yon misyon pou bay bon kalite swen san patipri.  Chanje lavi ou lè ou chanje karyè ou. N ap chèche moun ki inovatè, ki gen konpasyon, ki gen lespri antreprenè pou antre nan kominote BMC nou an, kote devouman nou genyen pou n bay yon eksperyans eksepsyonèl la konsène anplwaye nou yo tou. Vin jwenn nou!

Gade piblisite sou òf travay ki genyen yo la a

Logo icon pou My Chart - prezante yon katab wouj ak yon kè blan

Pa bliye: Si kouvèti asirans ou an chanje pou 2023, ou ka mete l ajou nan kont MyChart ou an. Ou ka sèvi ak MyChart tou pou planifye tchèkòp anyèl ou yo oswa pou voye bay doktè ou la kesyon medikal ki pa ijan. 

Kreye kont ou an oswa konekte jodi a!



Email Marketing by ActiveCampaign